Kòd Kondwit Etidyan

Gid pou lavi nan yon kominote edikasyon kretyen, ki ankouraje kwasans espirityèl ak siksè akademik.

Inivèsite Nou an

Byenveni nan fanmi Lucent University! Nou kontan anpil dèske ou vin jwenn nou nan objektif nou genyen pou prepare pèp Bondye a pou travay ministè a toupatou nan lemonn. Depi 2015, misyon nou kòm inivèsite se bay fòmasyon teyolojik ak fòmasyon pou ministè online ki gen pi bon kalite, pou ekipe moun pou yo sèvi yon fason efikas.

Pi gwo kòmandman Jezikri, Senyè nou an, se renmen Bondye ak tout kè nou, tout nanm nou ak tout lespri nou, epi renmen pwochen nou tankou tèt nou. Objektif kòd donè etidyan sa a se ankouraje etidyan nou yo epi montre yo kijan pou yo renmen Bondye atravè yon lavi k ap sèvi lòt moun. Fason nou trete youn lòt nan kominote nou an montre dirèkteman jan nou renmen Bondye. Nou pa la sèlman pou gide epi bati fòmasyon akademik ou, men fòmasyon espirityèl ou tou.

Règ kominote Lucent yo baze ni sou otorite legal ni sou otorite relijye. Sou plan legal, egzijans nou yo soti nan lwa lokal, lwa eta ak lwa federal tout moun dwe obeyi, piske kwayan yo soumèt devan otorite gouvènman yo. Sou plan relijye, egzijans nou yo baze sou kòmandman oswa prensip biblik ki mennen nou devlope kalite ki sanble ak Kris la, kòm manm fanmi kò li a. Tout bagay sa yo enpòtan pou kreye epi kenbe yon kominote ak yon anbyans ki reflete inivèsite a e, pi enpòtan toujou, Sovè nou an.

Etidye nan Lucent University se yon privilèj e, kòm yon enstitisyon edikasyon prive, Lucent lib pou li kontwole admisyon ak prezans etidyan yo. Kòd donè etidyan an esplike sa nou tann nan men etidyan yo epi li bay gid pou lavi nan yon kominote edikasyon kretyen ak nan lemonn. Nòm kominote Lucent University yo fèt pou kenbe yon anviwònman ak yon temwayaj ki ankouraje kwasans espirityèl ak siksè akademik etidyan li yo. Menmsi aplikasyon nòm kondwit kominote a pa negosyab, objektif li toujou se rachte, retabli, epi fèt ak lanmou ak gras.

Kondwit Pèsonèl Etidyan

Etidyan yo responsab pou yo konnen epi respekte kondisyon Kòd Donè Etidyan an, e nou tann sa nan men yo. Etidyan yo responsab tou pou yo rapòte bay pèsonèl Lucent University tout sitiyasyon yo kwè ki se yon gwo vyolasyon kòd donè etidyan an.

Kòd donè etidyan an pa yon kontra e li pa kreye obligasyon ki mare inivèsite a. Inivèsite a rezève dwa pou li revize kòd donè etidyan an nenpòt lè e pou nenpòt rezon, sa enkli yon amannman enfòmèl pou asire pwosedi li yo san patipri e jis.

Nou tann pou chak etidyan respekte deklarasyon doktrin ak objektif Lucent, epi evite nenpòt aktivite ki ta kontredi misyon ak objektif nou genyen ansanm pou sèvi wayòm Kris la, oswa ki ta mete temwayaj oswa repitasyon inivèsite a an danje pandan n ap suiv Jezi. Nou mande tout etidyan ak tout pèsonèl Lucent University pou yo afime sa ki annapre a:

"Nou gen responsablite pou nou kenbe nòm moral ak etik Lucent University yo, epi pou nou pale pèsonèlman ak moun ki pa respekte yo, yon fason ki reflete lanmou ak gras Jezi."

Tout manm kominote inivèsite a merite atitid ak konpòtman ki gen respè, sa enkli respè ki parèt lè nou rekonèt pozisyon pèsonèl ak pwofesyonèl moun yo jan sa dwe fèt. Si yon moun pa fè sa, se yon vyolasyon kòd donè etidyan an.

Lucent University kwè nan valè ak diyite tout gason ak tout fanm genyen depi nan nesans, jan Bondye kreye yo. Nou angaje pou nou trete tout moun ak respè, e nou egzije pou tout moun nan kominote inivèsite a renmen lòt moun jan Kris la renmen yo. Respè sa a dwe parèt nan chak echanj ant etidyan an ak inivèsite a. Nou p ap tolere okenn lè langaj ki pa kòrèk, malonètete, kòmantè vilgè (ki gen karaktè seksyèl) ak kòmantè k ap desann moun, menas, oswa asèlman.

Relasyon seksyèl andeyò yon maryaj selon Bib la, ant yon gason ki fèt gason ak yon fanm ki fèt fanm, pa pèmèt pou etidyan Lucent University. Aktivite ki pa ann amoni ak nòm ak gid sa yo se vyolasyon kòd donè etidyan an.

Etidyan Lucent University yo dwe respekte moun ki nan kominote kwayan yo tou, epi montre onè nan mitan moun yo rele yo pou yo sèvi kòm limyè pou Kris la. Se poutèt sa, etidyan yo dwe fè atansyon ak pratik ak koutim kiltirèl yo konsènan bwason oswa manje, epi yo dwe renonse ak dwa yo nan ka kote manje oswa bwason ta ka fè yon lòt kwayan tonbe oswa anpeche moun resevwa Levanjil la.

Etidyan Lucent yo dwe respekte epi onore tou lavi Senyè nou an ba yo. Anjeneral, etidyan yo ta dwe kenbe yon fason viv ki ankouraje lasante ak byennèt, pou etid yo ak ministè yo pou Kris la ka fèt pi byen posib. Sa enkli pa sèvi ak dwòg ilegal oswa lòt sibstans ilegal.

Mezi Disiplinè

Moun ki koupab pou vyolasyon kòd donè etidyan an ap fè fas ak mezi disiplinè ki koresponn ak fot la. Apre yo fin mennen ankèt konplè sou ensidan an, etidyan an ka reprann tout estati li, yo ka mande li pran mezi pou repare sa ki fèt epi/oswa suiv konsèy, oswa yo ka ranvwaye li nan yon pwogram san li pa ka kontinye. Inivèsite a rezève dwa pou li disipline etidyan an ka pa ka, selon kowoperasyon etidyan an, volonte li pou li aksepte responsablite li, ak gravite fot la. Fot yo ka lakòz remak nan relve nòt etidyan an epi/oswa aksyon legal atravè legliz la oswa otorite lokal yo. Inivèsite a chache sèvi ak mezi disiplinè sa yo pou bay etidyan yo okazyon pou yo aprann nan chwa yo te fè anvan, pou ede yo konprann pi byen responsablite kretyen yo ak nòm lanmou, verite ak onè.

Kondwit Akademik Etidyan

Kondwit Akademik Etidyan

Enstitisyon an konsidere sa ki annapre yo kòm malonèt, kidonk yo pa akseptab e yo pa pèmèt:

  • Pran travay, imaj oswa lide yon lòt moun epi prezante yo kòm pa ou. Yo rele sa plajya.
  • Sèvi ak òdinatè, kit se Entènèt, kit se enfòmasyon ki sou papye oswa sou yon disk ki pou yon lòt moun, epi prezante sa kòm pa ou.
  • Triche, sa vle di aji yon fason ki pa jis oswa ki malonèt pou jwenn yon avantaj.
  • Antann ou an kachèt ak yon lòt moun pou triche oswa twonpe. Yo rele sa konplisite.
  • Lucent University ka chwazi pa kontinye bay sèvis li yo ak etidyan ki enplike nan yon eskandal piblik, konduit imoral, zak mepri, oswa aksyon ki kont moral piblik oswa desans.

Yo rele tout bagay sa yo fot akademik. Si yo dekouvri oswa sispèk ou fè youn nan bagay ki anwo yo, Enstitisyon an ap mennen ankèt, e sa ka lakòz yo pran mezi disiplinè.

Sa Nou Tann nan Kondwit Ou

Men sa nou tann nan men ou pandan ou nan Lucent University:

  1. W ap remèt sèlman pwòp travay orijinal ou pou evalyasyon.
  2. W ap montre lè ou sèvi ak enfòmasyon yon lòt moun bay, lè ou mete non moun nan ak kote ou jwenn enfòmasyon an nan travay ou (oswa nan pòtfolyo ou). Pa egzanp, si ou sèvi ak pawòl yon lòt moun, w ap mete sitasyon an ant gimè. W ap repete enfòmasyon sa a tou nan fen travay la, nan yon seksyon bibliyografi oswa referans. Titè ou ap ede ou ak sa. Ou ta dwe mande titè yo konsèy ak direksyon si ou pa sèten kijan pou ou fè sa byen.
  3. W ap montre lè ou telechaje enfòmasyon sou Entènèt.
  4. Ou p ap janm sèvi ak disk yon lòt moun kòmsi se te pa ou, ni kopye travay ki sou disk yon lòt moun pou sèvi avè l kòmsi se te pa ou.
  5. Ou p ap janm sèvi ak travay atistik, foto oswa grafik yon lòt moun (sa enkli graf, tablo kalkil, elatriye) kòmsi se ou ki fè yo, ni kite lòt etidyan sèvi ak travay ou oswa kopye li pou prezante li kòmsi se yo menm ki fè li.

Enstitisyon an ap mennen ankèt konplè sou tout ka kote yo sispèk fot akademik. Si sa pwouve, y ap pran mezi disiplinè. Rezilta a ap depann de gravite fot la. Manm pèsonèl ki egzamine sa ou fè a ap deside an premye ki nivo gravite ka a genyen, epi apre sa l ap konsilte kòlèg ki pi wo grade. Y ap mete akizasyon kont ou yo alekri pou ou konnen sou kisa ou gen pou reponn.

Enstitisyon an klase kèk fot akademik kòm fot grav e li trete yo pi sevèman. Seksyon ki annapre a bay enfòmasyon sou klasman sa a, ansanm ak direksyon sou mezi Enstitisyon an ap pran.

Ka Fot

Ka Fot Akademik yo enkli:

  • Kopye nan liv san ou pa di sa, lè sa reprezante yon gwo pati nan travay la an jeneral
  • Plajya limite nan travay pwofesyonèl (pa liv kou yo).
  • Kopye yon fason limite nan travay lòt kandida (sou papye oswa sou disk), oswa twòp èd nan yon sèl travay
  • Telechaje enfòmasyon sou Entènèt yon fason limite oswa sèvi ak repons modèl ou telechaje sou Entènèt
  • Nan sitiyasyon kote travay yo evalye a konte nan nòt final la
  • Ti ka ki repete

Konsekans:

  • Y ap diskite sa ou fè a avèk ou nan yon rankont prive ak titè ou
  • Y ap bese nòt ou oswa nòt evalyasyon ou, oswa y ap remèt ou travay la pou ou refè li epi remèt li pou yo korije l ankò, oswa y ap ba ou zewo, selon gravite Enstitisyon an wè nan sa ou fè a
  • Yo ka pa pèmèt ou repase inite/egzamen/tès la
  • Y ap ba ou yon avètisman sou fason ou dwe aji pi devan
Ka Fot Grav

Ka Fot Grav yo enkli:

  • Kopye anpil nan liv etid nan yon sèl travay, oswa kopye yon fason limite nan de travay oswa plis, lè sa reprezante yon gwo pati nan travay la oswa travay yo.
  • Gwo plajya nan travay pwofesyonèl (plis pase 100 mo)
  • Achte, vann oswa vòlè travay
  • Prèv ki repete ki montre ou sèvi anpil ak enfòmasyon sou Entènèt san ou pa di sa, oswa ou sèvi ak repons modèl sou entènèt
  • Sèvi ak travay ansyen kandida nan ane anvan yo.
  • Èd ki pa nòmal ki soti andeyò Enstitisyon an
  • Ka fot ki repete
Mezi Jeneral pou Fot

Enstitisyon an ka pran nenpòt nan mezi sa yo:

  • Yo bay zewo nan egzamen/tès/modil la, oswa travay yo evalye a pa jwenn nòt
  • Yo pa pèmèt ou repase egzamen an oswa tès la, oswa yo pa pèmèt ou refè travay yo evalye a
  • Yo diskalifye ou nan kou ou a
  • Yo ekskli ou nan Enstitisyon an

Nan tout ka fot akademik, Enstitisyon an ka:

  • Enfòme ògàn egzamen ki konsène a sou sa ou fè a, selon règleman komisyon egzamen an
  • Enfòme egzaminatè/verifikatè ekstèn yo sou sa ou fè a, selon règleman komisyon egzamen an